Jij enstriksyon Ramoncite Accimé pase Wilson Laleau anba entèwogatwa

0 432

Pòtopwens___(TRiboLAND) Jij enstriksyon Ramoncite Accimé pase jounen Lendi 20 Janvye 2020 ansyen minis ekonomi ak finans sou gouvènman Michel Martelly, pwofesè Wilson Laleau anba entèwogatwa. Objektif yon parèy odisyon gen pou wè avèk dosye Petwo Karibe a.

Pwofesè Laleau ki endekse nan rapò Cour Supérieure des comptes et du Contentieux Administratif la ki makònen ak lapidasyon magogo lajan sa ki te destine pou ede peyi a soti nan labou, te reponn tout kesyon Jij Accimé nan yon anviwònnman alèz kon blèz, dapwè avoka kap pare kou pou pwofesè a, Mèt Saint Louis Sonnet.

Konsa, se pa pwemye fwa ansyen kontab denye piblik la te jwenn yon envitasyon jij enstriksyon. Nan mwa septanm 2019, Laleau te oblije fè absansyon akoz pwoblèm sante ak lakilbit politik.

Kidonk, odisyon Wilson Laleau fèt bab pou bab nan yon moman li fè sòti yon liv ki deja sou Amazon e ki detaye tout lanvè landwat jesyon Fon Petwo Karibe a ke pèp Ayisyen estime ki pase nan gagòt sou divès gouvènman pami yo: Martelly Lamothe. Pou anpil sitwayen ayisyen, Wilson Laleau klase kòm youn pami kontab ou ekonmis ki efondre peyi a finansyèman!

Leave A Reply