Pwezime asasen jounalis Néhémy Joseph la jwenn arestasyon li

0 571

Pwezime asasen, Clairjeune Juste Chandou ke klamè piblik de denonse nan lanmò jounalis Radio Panique FM ou korespondan Radio Méga, Néhémy Joseph nan Mibalè, te jwenn arestasyon sou lizyè repiblik Dominikènn.

Clairjeune Juste Chandou

Nan kad koperasyon ant peyi repiblik Ayiti ak repiblik Dominikènn, sèvis sekrè dominiken arive poze lapat sou Chandou ki te deja genyen yon manda darè ak yon avi rechèch pandye sou tèt li. Anfen, nouvèl sou arestasyon pwezime asasen an te tonbe tankou yon bonm; yon enfòmasyon ki ta pral konfime bò kote Komisè gouvènman Mibalè a, Mèt Elione Saint-Fleur.

Chantou, ki ta sanble avwe krim nan e ki koulya anba kontwòl DCPJ, ap reponn kesyon sou lanmò wonte jènn jounalis la nan mwa Oktòb 2019 la.

Leave A Reply