Kadisite ou antèman Palman an fasilite Jovenel Moise fè pwomès e redwi koulèv 7 tèt la a 6 tèt

0 495

Pòtopwens__(TRiboLAND) Apwè Pwzidan Jovenel Moise deklare nan yon twit douvanjou jodi Lendi 13 Janvye 2020, li konstate Palman Ayisyen an kaba, li pat pran tan pou mete an egzekisyon tewori koulèv 7 tèt la yon fason pou enplemante pwensip “Ti rès,” ki se sèl mwayen ki ka rann gouvènnman l lan sove lafas devan kèk pwomès electoral ak debarase peyi a gwo sansi ki pa sispann redwi peyi a nan povwete absolu.

Gwo satisfaksyon popilè! 19 senatè ak 118 depite ki te fè pati yon 50 èm lejislativ la ki konteste e ki menm rine e fè lawont peyi a nan devalize bwat leta yo; Jovenel Moise deja anonse magogo ou gagòt lajan (yon milya 160 milyon 773 mil 776 goud) ki tap gaspiye nan Palman an pral itilize pou konstwi 10 lekòl piblik ki pral layite nan divès pwovens nan peyi a. 4 nan ekòl sa yo (Jean Jacques Dessalines, Marie-Jeanne, Daniel Fignolé ak lise Cent Cinquantenaire) sa yo ap syeje nan zònn metwopolitènn Pòtopwens lan, e 6 lòt nan diferan vil pwovens yo tankou (Tertulien Guilbaud, François Capois, Philippe Guerrier, Paul Eugène Magloire ak lòt) nan gran Nò.

Jovenel Moise, pou kèk analis politik fè yon kout zo mèt dam lòske li pwofite chante antèman Palman bidjètivò gran kola a pou itilize tewori koulèv 7 tèt la ki koulya redwi a yon koulèv 6 tèt! Konsa tou, gen lòt ki di se “fraz kap fèt,” anpil gwo pwomès te konn fè deja; se lè na wè na kwè!

Leave A Reply