Palmantè yo nan peyi Kenya bay avi favorab yo sou deplwaman yon fòs polis kenyèn, nan peyi Dayiti.

1,162

11-16-2023

Nayiwobi, Kenya______(TRiboLAND) Nan kad yon pwosesis vòt demokratik ki tap dewoule byen bonè maten jedi 16 novanm 2023 a, Asanble Nasyonal palmantè kenyen yo vote, nan lide pou voye yon nouvèl fòs sekirite, sou ti bout tè papa Desalin nan.

Desizyon palmantè kenyan yo, pral otorize anviwon 1,000 gason batayè k ap gen pou sòti nan peyi Kenya, pou yon montan 225 milyon dola vèt tankou pwawo, vin bay lebwa ak polis Nasyonal Dayiti a, ki jiska prezan nan enpas tèlman l ap trese lèl anba grif gang yo.

“Yo te vann nou deja bay blan an nan tan pase; koulya lajan fè yo mete tèt ak menm blan an pou fè kòb sou tèt nou, sou pwetèks y’ap vinn ede Ayiti retabli lapè anba yon gang yo te federe e founi zam”, se refleksyon Tilus Joseph, sitwayen ayisyen apwè li fin tande avi favorab Asanble Nasonal palmantè kenyen yo pou deplwaman yon fòs polis kenyèn pou konbat gang nan peyi Dayiti.

Li enpòtan pou konnen, plizyè lòt peyi nan karayib la tankou : Jamayik, Barbad, Bahamas, poun site sa yo sèlman ap ranje kò yo, pou yo vin bay yon kout men nan zafè ensekirite a nan peyi Dayiti.

Comments are closed.