Ansafolè: Yon moun mouri e bwile sou akizasyon malfèktè

0 899

Ansafolè__(TRiboLAND) Olimcia Jean se non yon fanm ki mouri jodi Lendi 13 Janvye 2020 an bò 1è konsa nan apwè midi nan vil Ansafolè.

Zak sa rive fèt apwè bwi ta kouri gaye nan maten kòm kwa se Olimcia ki ta touye mistikman yon neve li ki gen 2 a 3 mwa konsa mouri dapwè kèk sitwayen nan zònn nan ki tap enfòme Triboland..

Kèk minit avan yo touye e bwile Olimcia kòm pwezime malfektè e sòsyè

Konsa, byen bonè nan maten, nouvèl sa te mete vil la tèt anba paske yo te vle touye l sou plas bwit soukou. Dapwè kèk moun nan zònn Anba nan Jaden, se ta Olimcia menm ki ta deklare ke se li ki ta touye neve a. Yo te mennen l nan komisaria, yo redesann ak li lakay li; yo soti kote l rete ankò nan lide pou l al bay zonbi a e se nan tout pakou sa yo, lepèp kòmanse kalonnen l ak kout wòch, baton ak zam blanch tou.

Lapolis te fè entèvansyon men se te anven paske yo pat ka reziste anba kòlè pèp la. Malgre tantativ kèk moun tap fè pou wè si yo te ka sove lavi l; anfen anyen pat ka mache pou fanm nan ke yo akize de malfektè, sòsyè elatriye. Kidonk, devan mari l ki te sèlman ap konstate anba sezisman. Finalman yo touyel e mete dife sou li.

Nap raple se apwè li fin mouri yon bakòp lapolis, swa, UDMO te fè aparisyon l e yo te akonpanye Jij Depè Daniel Derius pou konsta legal yo, e apwè ki te bay lòd pou mete zo yo nan twou.

Victor Jn Era, TRiboLAND

Leave A Reply