Yon gwo dife fè dega nan mache Guerit ki nan Kwa Bosal la

0 717

Pòtopwens__(TRiboLAND) Yon gwo ensandi dife sakaje mache Guerit la ki nan Kwa Dèbosal vè 2 zè nan apwè midi jodi 13 Janvye 2020 an.

Mache sila ki se espas komès anbouteyaj, se la anpil machann malerèz fè ti demele ak degaje. Dife a pete nan apwè midi e li tap kontinye gaye zèl li jiska 8 è p.m. malgre debouyman ak agresivite ponpye.

Annatandan otorite yo ap detèmine orijinn dife a, dega yo bay anpil konpwès sou tèt ak janm tranble espesyalman pou malere machann ki pèdi sak, ki pèdi krab yo!

Leave A Reply