Yon lòt gwo skandal pou diplomasi peyi Dayiti a

521

Santyago/Rep. Dominikenn_____(TRiboLAND) Fòs lòd peyi Repiblik Dominikènn pwosede ak arestasyon Judith Exavier ki se responsab konsul ayisyen jodi Samdi 7 Desanm 2019 la, nan Santyago. Diplomat la kit e nan yon jeep Lexus imatrikile G-353903 koulè blan tap travèse lizyè ki relye repiblik panyòl la ak Ayiti, nan zònn Jimani/Malpasse.

Judith Exavier

Selon divès sous, jeep ki tap transpòte responsab konsul ayisyen an te fè objè de yon machinn Drug Enforcement Administration (DEA) tap chèche tankou chyen fou pou trafik dwòg.

Madam Exavier ki te anba gwo entèwogatwa bò kote sèvis sekrè dominiken yo te genyen anpil difikilte pou soumèt dokiman legal machinn Lexus la. Konsa, dapwè sous ki onèt, diplomat la ta sanble se amourèz oubyen boubout sou kote Senatè Rony Celestin.

Kidonk, Madam Exavier ki pase plizyè èdtan nan gadavou te vinn jwenn liberasyon li apwè sou kondisyon.

Comments are closed.