Katalan: Plis pase 50 moun jwenn arestasyon yo nan yon masiv pwotestasyon

0 378

Gwo grèv jeneral ki te lanse ayè Vandredi 18 Oktòb 2019 la nan Katalan mete tèt anba kapital Katalan an, Baselonya ak yon seri vyolans san parèy ant pwotestatè ak lapolis.

Pwotestatè yo ki te vle afiche mekontantman yo, pat kache kolè yo lòske yo te barikade yon pakèt wout, rache pano sikilasyon, kraze ak sakaje magazen, mete dife nan plizyè riyèl san konte twoke kònn ak fòs lòd yo devan bildinn polis Nasyonal la nan Katalan.

Konsa, wòch, briks, boutèy ak yon pakèt lòt objè te fè lapli sou polis ki te oblije lanse gaz lakrimojènn, tire bal an kawoutchou ak kanon dlo pou voye manifestan yo nan kanpe lwen pa pwoche.

Antouka, vag demonstrasyon masiv sa yo te pwan chè depi Lendi nan kàd pwotestasyon kont desizyon Kou Sipwèm Espanyòl la ki kondane 9 politisyen Katalan pou pase 9-13 lane nan pwizon akoz enplikasyon yo nan mete sou pye referendum 2017 la ki te sitou chita sou endepandans Katalann.

Selon Mossos de Escuadra ki se yon fòs polis otonòm nan Katalan, genyen yon total 54 moun ki jwenn arestasyon yo pandan ke 18 polisye te subi domaj kòporèl.

Antouka, kèk sous medikal rejyonal rapòte ke zak vyolans yo okazyone plis pase 152 blese. Plizyè nan yo te jwenn grese sere medikal e pami yo gen 50 ke yo te oblije transfere nan lopital.

Nap sinyale tou, Kou Sipwèm Espanyòl la lage tou plizyè manda darè entènasyonal kont Carles Puigdemont ki te ansyen pwezidan Katalann lan.

Leave A Reply