Tchad: gro operasyon salibrite pou sansibilize popilasyon an pou pran konsyans

270

12\05\20

N’Djamena_____(TRiboLAND)  Yon krèy moun te mobilize jodi samdi 5 desanm 2020 an nan komin N’Djamena, kapital peyi Tchad nan kàd sansibilizasyon pou “Operasyon Vil Pròp.”

Sitwayen sa yo ki te volontèman ame de tout ekipman sanitè ak resous imèn te frè e dispo pou yo te kapab bay jarèt ak yon mouvman salibrite efikas.

Pou Direktè asenisman anvironnman ak sante nan Meri N’Djamena a, Mesye Gadengar Roasna Rodrigue, operasyon sila te lanse depi lontan anba inisyativ otorite ki nan pi ro nivo nan vil la, e li genyen pou objektif kreye yon frechè e rann vil la bèl nan moman fen ane a, e mete fen egalman ak fenomèn machin ki stasyone akote rout yo ki pafwa kreye abouteyaj ak aksidan nan vil la.

Mouvman “Operasyon Vil Pròp” la te desantralize e li te arive ateri nan diferan komin nan vil Ndjamena. Nan okazyon sa, dirètè a profite lanse yon SOS bay popilasyon an ki se aktè prensipal nan kesyon ensalibrite yon fason pou pran konsyans sou sitiyasyon fatra a pandan y’ap pote kole pou fè vil la pi bèl nan tout nivo iben.

kredi foto: Itel

Comments are closed.