Nòdwès: twazyèm vizit direktè jeneral ofis nasyonal migrasyon an

257

16\08\2020

Pòdpè___(TRiboLAND) Yon delegasyon ki gen nan tèt li direktè jeneral migrasyon an, Jean Negot Bonnet Delva rive vizite byen bonè nan maten jounen vendredi 14 dawou 2020 an depatman nòdwès la.

Objektif vizit sa a, se te yon mannyè pou sansibilize sitwayen ak sitwayèn nan depatman nòdwès la ki pa sispann chak jou deside riske vi yo, pran kanntè pou ale: Bayamas, Tikennkayikòs e latriye, pou al cheche yon lavi miyò e pafwa menm arive pèdi vi yo nenpòt kòman.

Direktè a nan sikonstans sa a rive soulinye youn nan gran misyon biwo l’ap dirije a genyen ki se kontre kare fenomèn nan ki se “riske vi pou chèche lavi”. Malgre problèm bidjè biwo l’ap dirije a an malmakak, sa pa anpeche’l felisite prezidan repiblik la ak premyè Dam nan Martine Moïse ki bay bou jan jarèt e kontinye konte sou patenè l yo tankou: OIM ak Anbasad yo.

Yon lòt bò direktè jeneral la, te pwofite okazyon sa a pou te distribye plantil bay plizyè sitwayen ak sitwayèn nan kad vizit sa a nan kad preparasyon pou sezon ivè a.

Pou fini, direktè a mande non sèlman pou sitwayen ak sitwayènn yo fè yon maksimòm efò pou pa kite peyi a de manyè ilegal men tou mande yo pou yo kontinye travay latè paske “travay latè se manman tout richès.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.