Plizyè sitwayèn ak sitwayen nan depatman Nòdwès la, bat bwavo lakontantman pou fason nouvo direktè depatmantal branch Nòdwès la, reaktive pwen fiks yo nan Site Kapwa Lamò a.

892

09-02-2023

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Nouvo direktè depatmantal polis branch Nòdwès la, Clevens Cetoute ta sanble pa vin tete lang ak zafè ensekirite a nan Site Kapwa Lamò a. Sòti nan lokalite Miryam pou rive nan zòn Twarivyè, direksyon depatmantal la rive remete kanpe 5 pwen fiks.

Selon nouvo alatèt PNH la nan Nòdwès peyi a, mèyè fason pou arive genyen kontwòl vil la, fòk ou otomatikman gen kontwòl 5 pwen fiks sa yo, nan objektif pou mete dòmi nan zye tout zèfèyis ki ta gen nan tèt yo vin pyafe nan site a.

Nan sans sa a, plizyè sitwayèn ak sitwayen nan depatman Nòdwès la, bat bwavo lakontantman pou yon parèy dispozitif ki makònnen ak devouman e pwofesyonalism ki kòmanse ap deplwòtonnen lakay nouvo direktè nan kad batay kont ensekirite a nan depatman Nòdwès la, patikilyèman nan site Kapwa Lamò a.

Comments are closed.