Gouvènman Ameriken an anonse ke yon premye gwoup migran deja rive Etazini nan kad pwogram imanitè Biden nan.

1,006

Yon premye gwoup migran deja ateri nan peyi Etazini, yon lòt gwoup deja fin apwouve, se bilan nouvo pwogram imanitè prezidan ameriken an “Joe Biden”.

01-15-2023

Etazini____(TRiboLAND) Gouvènman Ameriken an anonse lapwès jounen samdi 14 janvye 2023 a, ke yon premye gwoup migran deja ateri nan Etazini madi pase a, nan kad pwogram imanitè Biden nan.

Dapwè chif ki disponib yo, plis pase 600 lòt migran kap sòti nan Peyi Dayiti, Kiba, Nikaragwa ak Venezyela deja fin apwouve pou rantre nan jou kap vini la yo.

Nan menm kad pwogram imanitè sila, genyen plizyè milye moun kap viv Etazini ki deja fè demann pou pwòch ak fanmi yo.

Comments are closed.