Kiba: Pwemye izinn elektrik Biomass la ap kòmanse opere nan mwa janvye

0 425

Ciego de Avila/Kiba___(TRiboLAND) Se tout bon vre, pwemye izinn enèji biomas Kiba, ki konstwi ak envestisman lòt bò dlo, ap pase kounye a nan faz final ekzekisyon li; konsa, li pral kòmanse opere nan kòmansman ane 2020 an.

Pwojè sa ki localize li a 430 kilomèt nan zònn solèy leve nan Lahavann, tou pwè Moulen sik Ciro Redondo a, nan Ciego de Avila, pral kòmanse fè pwemye jenerasyon tès elektrisite senkwonize yo nan griy nasyonal la.

Dapwè Vis Prezidan Carmen Taboada, “granmesi teknoloji Chinwa ak etwat kolaborasyon konpayi BioPower, izinn Biomass la pral jenere 60 megawatt nan elektrisite, 50 pousan nan konsomasyon enèji nan pwovens Ciego de Avila.”

Taboada ki tap simen lapawoli, eksplike ke konpayi an pral pwodwi enèji pwòp ak itilizasyon bagas kann pandan peryòd rekòt la, e pandan rès ane a li pral fonksyone sou marabou.

Izinn nan pral simaye tout elektrisite ki nesesè pou moulen kann nan yon fason pou bay jarèt ak pwodiksyon sik la e rès la pral kontribye pou alimante griy nasyonal la, ki pral ede peyi a ekonomize 100,000 barik lwil chak ane, dapwè Taboada.

Pandan se tan, reprezantan antrepriz Cubasolar la nan peyi Kiba, Ramon Acosta, konfime ke konpayi enèji Biomass sa a pral gen yon gwo enpak sou kominote a paske fatra (bagas) moulen kann nan pwodwi a, pral kapab itilize ankò e emisyon CO2 yo pral konsiderableman diminye.

Leave A Reply