Anbasadè Larisi a nan LONI, mande yon “kanpe batay” sou konfli izrayelo-Hamas la

1,060

10-14-2023

Anbasadè Larisi nan Nasyon Zini mande yon “kanpe batay imanitè” nan Bann Gaza ak nan peyi Izrayèl, pandan ke li blame peyi Etazini kap anvlime konfli ant 2 peyi yo.

Nan pwojè rezolisyon ke Larisi prezante devan Konsèy Sekirite LONI an, jounen vandredi 13 oktòb 2023 a, li mande yon “Kanpe batay” san pèdi tan e liberasyon tout otaj yo. Larisi deklare ke li “kondane avèk tout fòs li tout vyolans ak ostilite kont sivil ak tout zak teworis”

Menm rezolisyon sila, mande egalman yon koulwa pou èd imanitè ak evakyasyon ak tout sekirite sivil yo. Pwojè Larisi a te soumèt bay konsèy 15 manm lan nan moman yon reyinyon sikwi fème tap fèt sou konfli a, dapwè yon sous diplomatik ki pa vle non li site.

Comments are closed.