Plizyè milye kreyen atravè yon mès minwi selebwe nan Bètleyèm

0 398

Bètleyèm__(TRiboLAND) Plizyè milye kretyen nan Mwayen Oryan an fè yon sèl tèt kole pou selebwe mès minwi nan vil Betleyèm nan Bann Gasa. Seremoni an tap layite anndan Legliz Nativite a ki ta pwetann konstwi egzakteman kote yo deklare ke Jezu te fèt la.

Aktivite yo te kòmanse ak yon posesyon ki te soti depi Jeruzalèm pou rive Bètleyèm e ki te gen alatèt li Patriyach Laten Jeruzalèm nan, Achevèk Pierbattista Pizzaballa. Malgre yon gwo miray sekirite ki separe Bètleyèm ak Jerusalèm, sa pa anpeche li resevwa milye touris chak ane, sitou nan moman fèt Nwèl.

Divès gwo dinyitè te reponn pwezan, pami yo ou jwenn Pwezidan Palestinyen an Mahmoun Abbas ak yon pakèt lòt repwezantan divès denominasyon ki gaye kò yo sou tout tèritwa peyi Izraèl ak Lapalestinn

Leave A Reply