Etazini: Trump deklare avan lontan tout pwi medikaman pwal desann ra pye tè

0 325

ETAZINI__(TRiboLAND) “Mwen ta renmen wè Demokrat yo vini ak bagay tankou enfwastrikti ak pwi medikaman pito. Avan lontan nou pwal anonse kèk bagay tankou yon seri lwa ki pwal pèmèt nou aplike pwi medikaman yon fason ki pi favorab”, se deklarasyon Pwezidan Etazini, Donald Trump ayè Vandredi-a.

Trump kontinye pou-l di avan lontan gen yon dekrè ki pwal pran la yon fason pou konplètman desann pwi medikaman a yon nivo ki kapab menm pi ba ke jan yo fè-l nan lemonn. Administrasyon Trump lan yon lòt fwa vle rasure sitwayen ameriken yo ke lap travay seryezman sou yon seri tèks lwa ki pwal plase pwi medikaman ameriken yo nan pwi ki pi ba pami lòt peyi yo.

Kidonk, “depi dig dantan tout lòt peyi ap peye yon ti kraze mounen pou medikaman, e pafwa jiska 60%, 70% mwen chè ke pa nou. Mwen pa ka konpwann pou ki sa yon peyi tankou Kanada ak anpil lòt peyi ap peye mwens kòb ke nou”? se sa Donald Trump fè konpwann, pandan lap lonje dwat jouda sou endistri famasetik yo kap fè chato pwofi depi dig dantan avèk Etazini. E tout mezi sa yo pwal pwan sou fòm dekrè, selon Pwezidan Donald Trump.

Leave A Reply