Gouvènman Repiblik Dominikènn nan achte bannann ak fig nan men pwodwisè yo e vann li pou piyay bay tout sitwayen

0 401

Dimanch 17 Novanm 2019

Sen Domeng__(TRiboLAND)  Plis pase 200,000 sitwayen dominiken benefisye de yon pwogram gouvènman, vann manje dirèk ki re le (PRODA), yon inityativ Ministè Agwikilti nan tèt kole avèk Pwi Stab (INESPRE), Enstiti ak Merca Sen Domeng.

Pwodwi agwikilti yo tap vann sou yon pakèt kamyon ak stann mobil Ministè Agwikilti ak  lòt òganizasyon.

“Atravè pwojè sa plis pase 2.6 milyon bannann ak fig ki reyèlman vann nan yon pwi derizwa ki genyen enpak sou plis pase 245 sèktè. 420 operasyon vant fèt nan yon espas 24 jou depi ki pwogram nan ap manniganse,” dapwè yon nòt depatman Agwikilti ki fè kwè ke gen plis pase 2.6 milyon bannann ak fig ki vann jiska pwezan.

Antouka, jan sa te pwevwa bò kote gouvènman RD a ki te pwomèt pou achte bannan ak fig nan men pwodwisè yo e vann yo sou mache a yon fason pou enfliyanse espekilasyon nan pwi yo. Sa pa gen lontan otorite ki responsab pou bay popilasyon dominikènn nan manje te fè eta de ratman manje ki pa genyen ankò atravè tout peyi-a. Yo bat bwavo dèske yo arive reponn ak demann domestik yo onivo plizyè pwodwi, dapwè deklarasyon Minis Agwikilti Repiblik Dominikènn nan, Angel Estevez.

Leave A Reply