Repiblik Dominikènn: Pwodwi agwikòl ki pwàl ekspòte an Chenn pwàl antre chak ane $ 357 milyon dola US nan ekonomi nasyonal la

Sen Domeng__(TRiboLAND) Petèt se akoz desizyon Repiblik Dominikènn pou li te divòse ak Tywonn ki fè Lachenn ap fasilite gwo echanj komèsyal sa yo ak peyi panyòl la ki konnen yon kwasans enpwesiv nan lemonn. Filozofi Repiblik Dominikènn nan li tou senpleman chita: “al chèche lajan an kèlke swa kote li ye, li pa chita sou lyen zanmitay ak istorik pandan tout yon peyi nan fatra ak koma”. Me yon egzanp klè:
Pwodwi agwikòl ke peyi Repiblik Dominikènn ap pwepare koulya pou ekspòte nan peyi Lachenn repwezante plis pase $357 milyon chak ane, dapwè estatistik sant Ekspò ak Envèsman Repiblik Dominikènn (CEI-RD) mete deyò.
Senk pwodwi agwikòl sa yo se: zaboka, kakawo, mango, anana, ak bannann dominiken. Konsa, sou pwodwi sa yo, Lachenn ak Repiblik Dominiken te deja ouvwi yon pwosès sanitasyon ki kapab valide ou garanti ekspòtasyon an nan nasyon azyatik la.
Nan ka mango yo, nan ane 2014 jiska mwa Jwiyè ane sa-a, Repiblik Dominkènn ekspòte $96.13 milyon, e ladan li ou jwenn yon montan $20.1 ki pou Janvye – Jwiyè ane sa. Avèk chif sa, yo supase $16.48 milyon nan 2018.
Sou demand Ministè Agwikilti, Osmar Benitez pa sispann klewonnen ke Repiblik Dominikènn gen anpil potansyalite pou li rive touche yon $100 milyon rekò nan ekspòte diferan kalite mango ke peyi a pwodwi.
Nan domènn kakawo, depi 2014, sèktè kakawo-a kontribye plis pase $1.1 bilyon nan ekonomi nasyonal la atravè ekspòt, avèk 2015 kote ke li te pi ekspòte pou yon montan $250.79 milyon. Selon CEI-RD estatistik, pandan 2018, $205.77 milyon nan kakawo te ekspòte e supase yon montan $134.36 milyon nan 2017.
Chif pou enstitisyon piblik yo montre ke sèktè zaboka-a kontribye yon montan $250.79 milyon nan ekonomi peyi-a de 2014 jiska 2019. Nan ane 2018 la, pwodwi sa te kontribye nan ekonmi an avèk yon montan $51.15 milyon.
Pami tout pwodwi sa yo, anana se sèl pwodwi ki mwen ekspòte depwi 2014. Nan lane 2016, li te pi ekspòte avèk yon montan $5.11 milyon. Ane sa, ant mwa Janvye-Jwiyè peyi-a antre $3.4 milyon nan ekspòte anana.
Pou bannan menm se pa pale! Nan yon entèvyou ke direktè egzekitiv Asosyasyon Pwodiksyon Bannann Dominikènn nan, Julio César Estévez deklare ke sèktè bannann nan peyi-a ekspòte pou plis pase $300 milyon dola chak ane. Mesye Estévez kontinye pou li di, ke yo anmezi pwodwi 400, 000 kès bannann chak semènn. Konsa, sa fasilite kreyasyon 40,000 dirèk ou endirèk jdòb nan peyi-a.
Vwazen an ap pwospere nan tout kalite domènn! Bwavo Repiblik Dominikènn! Kontrèman ak nan panyòl, Ayiti se efondreman total kapital! Yon seri chaloska ak initil an Ayiti ap batay pou yon palè kraze, ap naje nan kòripsyon san pinisyon, detwi e san respè pou lavi moun nan yon peyi santi kap naje nan fatra, kochan, kadav, labou, san edikasyon, san ekonomi, san lopital, san pwodiksyon nasyonal, san vizyon, san gouvènabilite e san sekirite.






