Larusi di li pa wè klè pa rapò pozisyon laboratwa zam biwolojik Etazini yo fas a orijinn epidemi an

0 409

Moskou___(TRiboLAND) Larusi deklare ke li konsène de rapwochman laboratwa zam biwolojik Pentagonn finanse yo ki tou pwè zònn limitwòf li pandan ke yo ap eseye konbat kowonaviris la, yon sous bò kote Ministè Afè Lòt bò Dlo rapòte jodi Dimanch lan.

Ofisyèl Rus la kondane otorite Etazini yo deske yo te lonje dwèt jouda sou peyi Lachenn kòm kwa yo ta lotè pandemi Kovid-19 la. Yo akize Wachenntonn tou pou fason ke yo te manipile enfòmasyon Lachenn yo sou pwetèks Pekin akize Tonton Sam kòm antite kap vire kriz sante mondyàl la nan fè atak politik.

“Nou gen anpil kesyon pou peyi Etazini. Sa tap trè bèl pou tande ki sa ki jistifye enstalasyon tout laboratwa sa yo tou pwè Larusi ak Lachenn, olye fè jwèt pwopagann avèk kowonaviris la”, dapwè sa yon ofisyèl deklare.

Li dakò ke Larusi pa gen ase enfòmasyon kredib nan wòl Etazini nan aparisyon viris mòtèl la, ki te rapòte avan nan peyi Lachenn nan mwa Desanm pase, men deklare tou ke globalizasyon an fasilite transmisyon maladi viral nan “yon kesyon èd tan sèlman”.

“Konsa, akizasyon Wachenntonn ap fè kont peyi Lachenn yo lage konfizyon”, dapwè ofisyèl la ki ajoute ke orijinn viris la poko menm dekouvwi.

Nan mwa Mas la, Lachenn te reponn Etazini, osito ke yo te fenn gen kontwòl epidemi an; yo di ke petèt se pèsonèl militè Etazini ki te entwodwi nouvo kowonaviris pandan Jwèt Militè Entènasyonal yo nan Wuhan nan mwa Octòb pase.

Leave A Reply