Plizyè gwo Bishop katolik mete dakò pou òdone pwèt gason ki deja marye

161
0
Share:
TRiboLAND

Vatikan__(TRiboLAND) Plizyè gwo bishop Katolik mete dakò sou yon pwopozisyon ke yo mete deyò ayè Samdi a ki pwal pèmèt odinasyon gason ki marye vinn pwèt nan rejyon Amazoni-a.

Apwè plis pase 3 weekenn avèk Vatikan nan meeting espesyàl ki rele “ synod ” pou diskite sitiyasyon anviwonnmantal ak relijez kap afekte zònn Amazoni-a, 184 bishop katolik ki soti nan rejyon Amazoni ak plizyè lòt kwen nan lemonn te vote yon pwopozisyon to fasilite mesye ki deja marye vinn devni monpè.

Pwopozisyon sa dwe jwenn apwobasyon Pap Francis, e li pwal yon veritab laviwonn istorik nan tradisyon legliz la ki gen plizyè syèk nan òdone sèlman pwèt ki pa marye. Yon parèy pwopozisyon te jwenn jarèt bò kote 128-41 votè e lap aplikab sèlman pou kèk legliz nan rejyon Amazoni a (Bolivi, Bwezil, Kolonbi, Ekwatè, Giyann Fwansèz, Giyana, Pewou, Sirinam ak Venezwela) sèlman ki ap fè fas ak yon karans monpè.

Pwopozisyon an ki gen ti non jwèt li “viri probati,” fè referans ak mesye katolik ki genyen yon fanmiy ki solid e ki jwenn respè kominote ke y’ap viv la e ki deja òdone kòm dyak nan legliz la. Antouka, pèmèt gason ki marye devni monpè pa menm bagay ak pèmèt monpè marye; konsa, modifikasyon sa pap afekte estati selibatè pou monpè katolik yo, ki pa otorize marye.

Share:

Leave a reply