Vyolans gang nan yon pwizon nan peyi Ondiras lakoz 18 pwizonye fè vwèl pou peyi san chapo

Tela / Ondiras___(TriboLAND) Gwo lèse fwape ant pwizonye deklenche nan yon pwizon nan vil pòtyè Tela nan Nò Ondiras ayè Samdi 21 Desanm 2019 la. Otorite Enstitu Penitansye Nasyonal yo deklare plis pase 17 pwizonye mouri e san konte 16 lòt ki blese nan lokasyon Tela a. Batay ke anpil medya lokal yo konsidere kòm vyolans gang san pran souf arive fèt a 200 kilomèt kapital la, Tegucigalpa.
Dapwè fòs sekite Fusina (Fòs Sekirite Nasyonal) yo, divès 9-milimèt revolve ansanm ak minisyon te sezi nan men pwizonye yo. Forensic teknisyen yo te oblije vit e pwese tap plase yon latriye kò ki san vi nan gwo sachè plastik e transpòte yo nan San Pedro Sula pou otopsi. Temwen tap obsève paran ou manm fanmiy ki te ozabwa e tap pote boure pou reklame kò pwòch yo ki san dout viktim nan vyolans gang nan pwizon Tela a.
Vyolans gang anndan pwizon pa sispan miltipliye nan peyi Ondiras. Avèk vas pwizonye kap mouri nan vyolans kaseral sa yo, Pwezidan Ondiras la, Juan Orlando Hernandez te deklare eta dijans sou tout pwizon e oblije ayè Madi a, pase lòd fòmèl pou lame ak lapolis pran kontwòl apepwè 21 pwizon atravè peyi a ki loje plis pase 21,000 pwizonye.
credit video: presstv






