Bagay la rèd sevre, men sa pa anpeche yon ti jwèt Nwèl fè ti moun afè pa bon yo souri!

0 338

Nou salye tout konpatriyòt,

Malgre nou konnen jan sa difisil men pèmèt mwen swete w Jwaye Nwèl! 🙏🏽

Antanke imanis ak moun k ap sipòte m, mwen menm LORFILS wisly; mwen ap mande w pote kole pou aktivite sa a ka pi byen reyalize e pote anprent ou. Se yon aktivite “ki konsène timoun lari ak ti moun katye defavorize yo sa sosyete a rele “kokorat yo” ak anpil lòt ke paran yo pa gen mwayen ofwi yon ti jwèt nan moman kote pitit zòt ap fè deplasman swa pou on lòt depatman swa pou ale nan peyi letranje.


Bay piti pa chich. Sa w genyen tankou jwèt, manje, lajan pote kole avèk nou. Konsa, nou konte bay “500 timoun manje, dlo, ji ak jwèt demen Lindi 23 Desanm 2019 la vè 3zè nan apwè midi nan Otèl Kasika.”
M ap raple w sa fè 4yèm ane youn apwè lòt depi aktivite sila sou pye. Nou konnen jan bagay yo difisil pou tout moun ane sa a, men ann fè chènn solidarite a on fason pou n ka toujou pote lajwa nan kè sila yo ki pi vilnerab yo. Paske “provèb la di 2 zòm mouye la pli gen youn ki tranpe plis ke yon lòt,” tout jès konte.

Nan solidarite nou ka rive jwenn trip foumi. Chinwa yo fè Lachin se nou menm Ayisyen ki pou fè Ayiti! Solidarite se kle devlopman!

PS__Prezans ou kòm on antite ou sitwayen nan aktivite sa se yon gwo atou.

LORFILS wisly

Leave A Reply