CSPJ mande jij Al Duniel Dimanche pou li kanpe sou tout dosye li tap enstwi yo.

849

02 – 22 – 2024

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon lèt ki pote non konsèy siperyè pouvwa jidisyè a (CSPJ) nan peyi Dayiti, e ki adrese ak majòjon polis la, mouche Frantz Elbé, sekretè konsèy la Mèt Jean Robert Constant anonse majòjon an ke yo mande jij denstriksyon Al Duniel Dimanche pou li depoze plat atè tout dosye li tap enstwi yo paske manda li fini depi 29 janvye ki sot pase la a.

Yon desizyon ki fè wè aklè kantite sanginè ki nan tèt CSPJ a, e menm montre aklè volonte ki pa genyen pou batay kont kòripsyon ki se yon kansè pou peyi Dayiti.

Poze kesyon pou konnen, pou kisa tout mache prese sa yo? Pou kisa se jij Al Duniel Dimanche nan moman kap mennen gwo dosye kont fanm ak nèg ki nan kòripsyon yo deside depoze? Poukisa pa gen menm enterè sa a, pou lòt jij enstriksyon yo?

Batay san fòs kote pou nèg ak fanm respekte byen ak enterè Leta, li enpòtan pou konnen se jij Al Duniel Dimanche apre plizyè syèk gwo palto fè ap pyafe nan kòripsyon ki te arive pran kouraj li ak 2 bwa, pou te transmèt ansyen bawon chanm depite a, Cholzer Chancy, nan penitansye Nasyonal pou tèt li ta detounen plizyè materyèl ak byen Leta.

Comments are closed.