Edikasyon: Lekòl primè ak segondè nan vil Ansafolè fini ak egzamen 1e kontwòl yo

0 398

Ansafolè___(TRiboLAND) Divès lekòl primè ak segondè nan kominn nan rive boukle pwemye sik pou sèten nan yo, epi gen lòt lekòl ki pral sou 2èm egzamen nan relouvèti nan mwa janvye a.

Majorité lekòl ki nan kominn nan te louvri pòt yo depi nan fen mwa septanm pou kòmansman mwa oktòb la a leksepsyon lekòl nan 3èm seksyon kòtdefè ak nan 1èm seksyon kote lekòl yo pat louvwi pòt yo ditou akoz de retisans paran, elèv ak sèten responsab lekòl sa yo ki pat pran responsabilite yo, dapwè rapò ki vinn jwenn TRiboLAND.

Pandan gen anpil kote nan peyi a lekòl pat fonksyone, pwesizeman nan Nòdwès, nan Ansafolè, aktivite eskolè yo ap mache, menm lè kondisyon yo pa reyini, lè n konsidere yon Lise ki la depi 1992 se nan ane 2018–2019 li gen klas filo (NS4), ki gen 7 klas ak 7 pwofesè ki nome, li pa gen lokal, se nan lekòl Cacique Henri li loje, apwè plis pase 5 fwa Lise sa an pelerinaj nan lokal lòt lekòl. E se menm bagay pou 3èm sik Marie Reine des Coeurs ki gen 2 pwofesè ki nome pou 4 sal klas.

Yon klas lekòl tipik nan Kominn Ansafolè

Antouka, kòm otorite yo nan pi wo enstans leta tankou minis edikasyon an te deklare li pat di lekòl fèmen, se yonn nan pwen fò ki pouse direksyon lekòl yo louvwi pòt yo, e yo ankouraje e felisite lekòl ki tap fonksyone yo, men yo ta dwe ankouraje lekòl yo fizikman ak pwèv alapwi pou montre redevans yo ak kominote edikarif la sitou Ansafolè ki bezwen akonpanyeman sa yo. Anpil paran pa sispann poze tèt yo kesyon pou mande ki avni elèv yo pou ane sa sitou elèv 9èm AF ak Filo ki pral sibi egzamen ofisyèl yo.


Antouka tout lekòl sa yo ki te louvri yo an konje e randevou reouvèti klas yo se pou 7 janvye pwochen pou kontinyite ane akademik 2019 – 2020 an.


Victor Jn Era, TRiboLAND

Leave A Reply