Yon ansyen icon foutbolè Olympia Athletic Club di lemonn babay

0 1,412
Henri Max Levasseur

Miami/Florida___(TRiboLAND) Ansyen jwè foutbòl Olympia Athletic Club nan Lòt-bò-Pon nan vil Pòdpe, Henri Max Levasseur mouri vè 5:30 PM jodi 21 Desanm 2019 la nan lopital Johnson Memorial nan Miami, Florida.

Henri Max Levasseur ki alyas Aga pou anpil fanatik malad boul, te fèt nan Carenaj, yon zònn avwazinant vil Pòdpe. Ansyen Superstar defansè bèl wotè ak afro ekip Olympia a ki tap enpoze li atravè peyi Dayiti nan lane 1978, pat janm abandone aktivite foutbòl li ansanm avèk bon zanmi li Oriole Gaspard, ansyen co-defansè Olympia Athletic Club. Moun te toujou wè yo tanzantan sou divès pak public pwèske chak apwè midi nan Miami, jiskas ke li te vinn dyagnyostize de yon kansè nan poumou.

Atlèt la ki te moun pa tout moun, te fè pwèv de yon endividi konsilyan, respektab e alafwa saj. Aga, se te youn pami yon ti gwoup ansyen jwè Olympia ki tap viv toujou. Li fèmen zyel e di babay a tout yon seri moun ki te chè pou li tankou: manman li Terilia Eugène, yon epouz ak 5 admirab timoun ki reyèlman pran yon kou di.

Ansyen defansè foutbòl la mouri nan swasantènn li.  Ke nanm li repose ak Lapè!

Leave A Reply