Federasyon Footbòl Ayisyènn: Gouvènman Ayisyen bay yon bourad 25 milyon goud

0 369

Pòtopwens__(Triboland) Federasyon Footbòl Ayisyen deklare, malgre siyasyon ekonmik peyi-a nan koma, li sezi wè gouvènman an fè yon gwo jès loske li deside dekese pou federasyon ayisyènn footbòl-la yon èd 25 milyon goud Lesko.

Dapwè responsab Federasyon an ki tap voye ochan remèsiman pou Leta Ayisyen, estime ke se yon èd ke yo pa jamè jwenn avan! Sa pwal pèmèt yo arive fè bonjan grese sere nan kad pwepare Grenadye yo pou konpetisyon Gold Cup la; men tou, sa pwal fasilite ke yo debarase yo de yon seri de gwo dèt ke yo te genyen. Dèt sitou ki gen pou wè avèk patisipasyon ekip nasyonal yo nan gwo konpetisyon entènasyonal san konte finansman aktivite Gold Cup ki bay yon bidjè global ki se $400,000 dola vèt.

Leave A Reply