Edikasyon: Mèyè fason pou yon pwofesè korije travay oubyen egzamen yon etidyan avèk siksè

0 396

Bay nòt oubyen pwen dwe chita sou yon repwezantasyon egzak de sa etidyan konnen e kapab pèfòme. Pou arive mete sa an egzekisyon, apwòch jan ou korije dwe trè objektif, byen metrize, e byen klè.

Me kèk konpòtman ou disiplinn yon pwofesè dwe adopte:

  • Bay aprantisaj plis enpòtans ke nòt nan klas lekòl la. Asèpte pwomote yon kilti ki kapab ede etidyan yo rekonèt ak selebwe kwasans akademik ak metrize abilite olye pou yo plis fokis sou pwen oubyen nòt.
  • Fè sèten ke nòt ou bay etidyan an reyèlman reflete abilite ak nivo konpweyansion akademik li.
  • Itilize bon jan kalite evidans tankou aktivite oubyen devwa ak evalyasion otantik pou jistifye nòt etidyan an. Pa korije devwa a mwens ke li mandate; paske li pa jistifye pèfòmans abilite etidyan an, li pa gen evidans ki fyab.
  • Toujou kominike kritè nòt ak pwogrès etidyan yo avèk etidyan yo e avèk paran yo. E fè yon fason pou bay etidyan yo kontwandi tanzantan yon fason pou kenbe abilite elèv la sou kontwòl.
  • Itilize yon sistèm koreksyon ke ou kapab metrize, konsa lap kapab kominike avèk egzatitid abilite ak konpweansyon etidyan an.
  • Silvouplè pa faktorize nan sistèm koreksyon ou anyen ki pa angaje konpweansyon etidyan an oubyen metriz abilite li.
  • Kreye lòt altènativ nan plas zewo. Pa jamè bay yon etidyan zewo; okontrè korije travay la kòm enkonplè. Anpil pwofesè pwefere pa bay zewo, men bay lòt egzamen altènatif ki kapab egalman demontre ke etidyan an metrize menm objektif aprantisaj la.

TRiboLAND

Leave A Reply