Ministè ekonomi ak finans soti yon memorandòm pou konbat koripsyon nan administrasyon leta a

Par TRiboLAND.com
Pou konbat koripsyon nan administrasyon piblik la, sitou moun ki genyen plizyè djòb nan fonksyon piblik lan. Minis ekonomi ak finans lan, ekonomis Alfred Metelus, atravè yon memorandòm entèdi yon anplwàye genyen plizyè djòb.
Mezi administrative sila, konsène divès enstitisyon etatik, tankou : OFATMA, APN, OAVCT, e pou ‘ n site sa yo sèlman.
Memorandòm sila, ki pote siyati minis Alfred, fè eta mezi sanksyon ki kapab pran kont tout responsab ak anplwàye nan leta ki pa respekte desizyon ministè ekonomi ak finans gouvenman anplas la.






