ULCC ap odisyone chèf pòs konsul jeneral Dayiti a nan Repiblik Dominikènn

0 404

Pòtopwens__(TRiboLAND) Seyans odisyon ki te rate ant Direktè jeneral ULCC a, Mèt Claudy Gassant avèk chèf pòs Konsul Jeneral Dayiti nan Santiago, Judith Exavier aranje pou jodi madi 17 Desanm 2019 la vè midi nan anndan enstitisyon an nan Pacot.

Seyan sa antre nan kad pou founi je gade ou mennen ankèt sou ensidan 7 Desanm dènye yo ki te rive Madanm Exavier nan Jimani kote ke diplomat la te pase plizyè èd tan entèwogatwa anba men otorite dominikènn yo ki te poze lapat sou yon machinn ki te objè yon ankèt otorite dominikènn avèk ayisyènn.

Leave A Reply