Kanye West, rapè afwo-ameriken an ouvwi yon “fon” pou peye inivèsite pitit fi George Floyd

370

Chicago____(TRiboLAND) Nan yon entèvansyon ke li fè sou CNN yè jedi 4 jwen an, pòtpawòl  rapè afwo-ameriken an, Kanye West anonse ke yo pral mete sou pye yon “fon” ki pou finanse inivèsite Giana Floyd, pitit fi George Floyd, ki genyen 6 lane.

Papa ti fiyèt la ki te genyen 46 lane te mouri depi 25 me dènye a anba bwitalite lapolis nan Minneapolis. Konsa, depi lè sa, vag pwotestasyon kont vyolans lapolis pa sispann fè kenken nan plis pase 170 vil atravè Etazini.

Kanye West anonse plizyè inisyativ anfavè yon seri viktim bwitalite polisyè. Li anonse tou yon don 2 milyon dola pou supòte fanmiy George Floyd, Ahmaud Arbery ak Breonna Taylor. Ahmaud te jwenn lanmò li pandan li tap kouri fè egzèsis fevwiye pase nan Jòji, alòske Breonna te tonbe anba bal polis nan Kenntòki an mas dènye. Dapwè Variety , rapè a konte kouvwi fwè pouswit legal yo pou tou 2 fanmiy afekte yo.

Papa ti fiyèt la ki te genyen 46 lane te mouri nan dat 25 me dènye a anba bwitalite lapolis nan Minneapolis. Konsa, depi lè sa, vag pwotestasyon kont vyolans lapolis pa sispann fè kenken nan plis pase 170 vil atravè Etazini.

Kanye West te fè aparisyon li nan yon manifestasyon kont vyolans polisyè yè jedi a nan vil natal li Chicago. Rapè a ki te rete nan silans li depi nan kòmansman eleksyon Donald Trump yo, ki jounen jodi a anba dwat jouda politik la, te toujou jwenn benediksyon rapè afwo-ameriken an avan. Konsa, lè Kanye West te reyalize ke se itilize yo tap itilize l, li te finalman pran distans li ak politik.

Comments are closed.