Yon rezo atoufè telefonik demantle nan Petyonvil

314

Petyonvil/Ayiti___(TRiboLAND) Konsèy Nasyonal telekominikasyon (CONATEL) nan tèt kole ak lapolis demantle yon rezo atoufè telefonik nan Petyonvil.

Yon moun jwenn arestasyon yo pandan operasyon a, yon moun jwenn arestasyon li, divès materyo enfòmatik, elektwonik ak kominikasyon tankou òdinasyon, telefònn pòtab ak yon santènn SIM kat de gwo konpayi telefònn pòtab nan peyi a.

Selon otorite responsab CONATEL yo, atoufè sa yo espesyalize nan detounen apèl entènasyonal kap antre nan rezo lokal yo. Konsa, “by passing” se yon sistèm pirataj ki la koz Leta fè anpil defisi.

Comments are closed.