Ensekirite Okay: Direksyon depatmantal polis la nan tèt kole ak pakè, chita pale ansanm pou bay yon repons ak bandi yo.

889

03-28-2023

Okay, Ayiti ___(TRiboLAND) Direksyon depatmantal Gran Sid la, nan tèt kole ak pakè, jounen madi 28 mas 2023 a, chita pou define yon plan estratejik sou ensekirite a.

Objektif yon parèy plan sekiritè, se arive mete do bandi yo atè kap taye banda nan twazyèm vil peyi a. Konsa, selon enplemantasyon plan sila a, trake bandi kap simen dèy nan popilasyon se pi gro priyorite otorite lokal yo nan Sid peyi a.

Nan mitan diskisyon yo, direksyon lapolis ak pakè rive jwen yon antant pou mete kanpe yon nouvèl plan pou konbat ensekirite nan depatman an.

Direktè rejyon an, lanse apèl bay tout bandi ki kenbe zam ilegal nan men yo kap trouble lapè piblik, chwazi yon lòt metye, pandan l ankouraje popilasyon an pou l kontinye kolabore ak lapolis nan objektif pou trake bandi yo kap simen dèy nan kominote sidwaz la.

JOICY Arnold

Comments are closed.