Chaje Dafè Etazini an, Kenneth Merten retounen nan peyi Dayiti

1,949

10/30/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Tankou jan Antony Blinken, sekretè Deta ameriken an te anonse li, nouvo repwezantan peyi Etazini an nan repiblik Dayiti, Kenneth Merten debake yon lòt fwà ankò pou asume fwà sa wòl Chaje Dafè a.i. pou peyi Etazini.

Nouvo Chaje Dafè a ki pa yon nouvo veni pou pèsòn moun nan peyi Dayiti, antre nan kad bwàs otorite amerikèn yo ap miltipliye pou ankouraje ak bay jarèt a yon solisyon ayisyèn ki anba kontwòl anyisyen yo yon fason pou kapab genyen mèyè kondisyon sekirite ak angajman demokratik, dapwè yon tweet anbasàd amerikèn nan fè sòti vandredi 29 oktòb 2021 an.

Nap raple, touswit apwè nominasyon Kenneth Merten lan, plizyè politisyen ou militan politik ayisyen te deja lanse yon pinga bay Kenneth Merten ki raple yo yon seri move souvni ou derespektan anvè souverènte peyi Dayiti; yon seri deriv ak enjerans pèmèt ki lage peyi a nan sa li ye jounen jodi a.

Diplomat Kenneth Merten retounen nan peyi Dayi nan yon kontèks “tchaka politik” ki boure ak dezòd jeneralize e kriz tout plimay tankou kidnapping 16 misyonè ameriken e yon kanadyen, aktivite e pwoliferasyon gang, asasinay pwezidansyèl, lachas kont ayisyen atravè planèt  la, gwoudou gwoudou nan penensil Sid la, vakans pwezidansyèl ak palmantè, povwete ekstrèm, inekzistans ekonomi ou efondreman Leta Ayisyen.

Comments are closed.