Pwemye avyon sanpousan elektrik nan monn lan vole avèk siksè pou pwèske 15 munit

406

Vancouver___(TRiboLAND) Pwemye avyon komèsyàl sanpousan elektrik la inogire pwemye tès vòl li Madi a lòske li te vole depi vil Vancouver nan peyi Kanada kote ke li bay anpil espwa ke avyasyon ap fini pa mete yon fwen nan kesyon polisyon kap sakaje lè a.

“Sa montre ke avyasyon komèsyàl kapab travay nan divès fason,” dapwè sa Roei Ganzarski, chèf egzekitif konpayi enjenyè MagniX ki baze nan Seattle fè konnen.

Konpayi-a  kreye yon modèl mote pou avyon an e travay an kolaborasyon avèk Harbour Air, ki dòdinè bay sèvis transpòtasyon aeryen pou plis pase demi milyon pasajè ant Vancouver, Whistler ski otèl ak divès lòt zile nan zònn kotyè yo.

Ganzarski di ke teknoloji sa pwal fasilite konpayi avyon yo fè yon pakèt ekonomi, san fè mansion emisyon zewo. “Sa se kòmansman yon peryòd avyasyon elektrik,” selon sa li deklare bay lapwès.

Avyasyon sivil se youn nan sous emisyon kabònn ki pwopaje pi rapid pandan ke moun pa sispann miltipliye vwayaj dan lèzè.

Comments are closed.