KONSTRIKSYON LOPITAL OFATMA A NAN KOMIN PÒDEPÈ A AP VANSE!

0 470

Wikenn pase a, nan okazyon Fèt Imakile Konsepsyon nan vil Pòdepè, Direktè Jeneral Ofis Asirans Aksidan Travay, Maladi ak Matènite (OFATMA) a, Doktè Agabus Joseph te vizite chantye Lopital OFATMA a k ap kontinye vanse a gran pa, malgre gwo difikilte ki te genyen pou transpòte zouti ak materyo. Se te yon okazyon tou, pou Doktè Agabus Joseph te rankontre epi diskite ak divès enjenyè k ap travay sou chantye a.

Mesye Pascal Leonès, yonn nan prensipal responsab chantye sa fè konnen, yo deja fini ak faz fouye a malgre gwo difikilte li t ap rankontre akoz de fenomèn peyi lòk la. «Pou kounye a nou pwèske fini ak faz koule beton semèl la ak poze wòch. Nan mwa janvye 2020, nou pwevwa kòmanse avèk poze blòk, si tout fwa pa ta gen difikilte bare wout. Difikilte sa yo ba nou anpil reta akoz nou sot pase anviwon twa (3) mwa kote nou pa te ka resevwa materyo pou travay sa,» se deklarasyon Pascal Leonès.

Sou bò pa li, DG OFATMA, Doktè Agabus Joseph bat bwavo lakontantman pou avansman projè sa, ki pwevwa inogire nan fen lane 2020 pa Prezidan Repiblik la Jovenel Moise, pandan li fè konnen fenomèn peyi lòk la, se pi gwo barikad fas ak divès aksyon sosyal ak program sante OFATMA nan depatman Nòdwès la. «Mwen kontan wè jan chantye sa, ki se yon inisyativ Prezidan Jovenel Moïse ak Premyè Dam Martine Moïse, ap vanse malgre gwo dfikilte enjenyè yo t ap rankontre pou rive jwenn materyèl pou travay a tan. Projè sa enksri nan kad diferan aksyon Prezidan Repiblik la, Jovenel Moïse ap fè pou pote bonjan swen sante ak sèvis sosyal pi pwe chak grenn moun nan popilasyon an. Administrasyon m nan gen anpil volonte pou ateri ak anpil bèl aksyon sosyal, anpil bèl program sante dirab nan depatman Nòdwès, sitou nan komin Pòdepè, nan sans sa, sipò chak grenn moun nan popilasyon an enpòtan,» selon diskou Doktè a nan mikwo laprès.

Pi lwen, nimero 1 OFATMA a te profite anonse divès lòt program ak sèvis Ofis l ap dirije a genyen pou popilasyon Ayisyèn a an jeneral, epi asire li an patikilye. Pami divès projè sa yo, konstriksyon yon lòt Lopital modèn nan depatman Nòdès, pou desèvi sitou plizyè milye ouvwiye k ap travay nan Pak Endistriyèl Karakòl la, toujou gras ak sipò Prezidan Repiblik la, Jovenel Moïse.

N ap raple, gras ak sipò Prezidan Repiblik la, OFATMA deja konstrui twa (3) gran Inite Dyaliz Medikalize nan twa (3) gran depatman peyi Dayiti, Depatman Lwès, Sid ak Nò. Byento se ap tou pa moun nan depatman Nòdwès, akoz de lopital modèn sa k ap konstwi sou yon teren anviwon 5130 mèt kare ak yon estanda pou tout moun gen aksè fasil, kit li ta andikape.

Li enpòtan pou n raple tou, pwojè lopital sa, se yon inisyativ Prezidan Repiblik la, Jovenel Moïse ak Premyè Dàm, Martine Moïse, ki jwenn sipò Repiblik Chin (Taywann). #OFATMA #CoopérationHaitiTaiwan

Kredi Foto: ROD Photography

Leave A Reply