Angola: Luanda subi 2 blackout nan mwens pase 30 jou

323

Luanda/Angola__(TRiboLAND) Nan mwens pase 30 jou, Luanda, kapital Angola subi 2 koupi elektrik akoz yon pann brid sou kou ki fèt nan sistèm elektrik Nò ak Santral la.

Tout kapital la te anba fènwa e san enèji depi 3:44 pm nan Lendi.

Yon sous ki pwòch Ministè Enèji ak Dlo rapòte ke pwoblèm blackout la li chita nan ekipman Sistèm entèkonekte Nò ak Santral yo ki alimante plis pase dis pwovens.

Nap raple, Luanda te konnen yon lòt koupi elektrik 20 Novanm dènye, akoz yon kout sikwi nan pòs Cazenga a.

Comments are closed.