Jackson Browne Selebwe Ayiti atravè videyo “Lanmou se Lanmou”

431

Jackson Browne mete chapo ba devan andirans Ayiti nan yon videyo nan dènye chante-l la ki se, “Lanmou se lanmou” ki soti mwa pase-a. Musik sa gen pou sòti nan albòm ki rele

Let the Rhythm Lead: Haiti Song Summit, Vol. 1, (Kite Ritm Dirije) kap deyò 31 Janvye 2020 avèk Artists for Peace and Justice (atis pou Lapè ak Jistis) atravè muzik.

“Lanmou se lanmou” se yon tèks ki pwofon men ki touchan, avèk kout gita Browne yo ki dodo meya sou yon pèkisyon ki dous. Videyo a montre sekans vi kotidyènn atravè peyi Dayiti, ki ranfòse musik Browne an, tankou, “Raising up the future from the rubble of the past,” avèk, “Here they say “lespwa fè viv,” “hope makes life.”

Browne ekri chante “Love is love” (Lanmou se lanmou) avèk David Belle nan mwa Novanm 2016 apwè ke li te finn obsève espwi motivasyon ak andirans nan je divès fanmiy, timoun ak amourez, pandan yo tap fè fas ak difikilte pou rekonstwi peyi yo anba je divès kalamite youn apwè lòt.

Comments are closed.