Pòdpè: Fèt Patwonal Imakile Konsepsyon-a denonse salte ak kè di otorite kòwonpi yo

639

Pòdpè___(TRiboLAND) Li pa yon sipriz pou pèsonn moun ke Vil Pòdpè kap selebwe jodi 8 Desanm nan fèt patwonal li ki se Imakile Konsepsyon toujou chita sou malè pandye.

Nan okazyon 8 Desanm nan, Imakile voye yon sinyal klè pouf è tout moun konnen ke li fache ak yon popilasyon ki manke ba li swen ak pwòpte., dapwè anpil sitwayen vil la ki tris jounnen jodi-a lè yo konnen nan tan pase ki sa Fèt Imakile te repwezante pou popilasyon kapwaz la. Gen nan yo ki menm arive asosye mache Bòdmè-a ki tonbe maten e ki voye lopital divès ti machann kap bat lavi, kòm konsekans yon leta ak yon popilasyon ki iresponsab.

Konsa, sa pa ka etone pèsònn moun, lè ou konpwann se sèl sitwayen Nòdwès ki nan tete lang ak malfwa ofisyèl ki enpoze yon vi kokorat a yon popilasyon ki naif e ki asèpte ke yo woule-l nan farinn nenpòt ki lè. Sa rive jiske la nan bay tete ak yon seri eli lokal sankoutcha ki pa fè lòt bagay ke asèpte pwan ti myèt nan men senate ak depite e pi adore yo defann yo sou facebook pandan ke yap bwile dola.

Se tout afè nòmal pou Imakile fache ak moun ki asèpte achte nan fatra, respire nan fatra, dòmi leve nan fatra, ansenye nan fatra, entèlèktyalize nan fatra pandan yap defann moun kap vòlè sou tèt nòdwès sou rezo sosyal yo pandan yap dòmi leve nan fatra.

Imakile fache egalman, pou tèt ke anpil moun pa pwan sinifikasyon non li oserye. Imakile vle di pwòp san tach Li difisil pou eta volim fatra ak malpwòpwete ki nan vil sa; pou-l genyen yon sen ki pote non Imakile. Imakile Konsepsyon jounen jodi-a avili anpil nan otorite yo ki inyore ekzistans li e pa pwan-l pou anyen. Chak 8 Desanm, yo abiye tankou pan, kòb yo nan men yo, yap fè fòtinn e anplis vinn kale kò yo nan vil labou santi-a, yon kote kochon vle pouse do moun chak jou.

Imakile avile pwezidan Jovenel ak tout Martine ki se moun Pòdpè! Mache-a tonbe ekzakteman jodi 8 Desanm nan yon fason pou ede moun konpwann me nan ki eta lakay moun sa yo ye. Se kalamite sou kalamite! Pwèske chak ane avan 8 Desanm rive, Jovenel Moise kontante-l lage yon ti pousyè chada nan men divès jènn ak granmoun deregle nan vil la ki chwazi pwan ti myèt nan men yon eli inikman sou baz endividyèl; sepandan ki asèpte konpwomèt vi li e sakrifye kolektivite pou rele viv yon gouvènman ki chwazi pa bayo yo lopital, elektrisite, anplwayabilite, edikasyon, enfwastrikti woutyè ak teknoloji, komès, endistri, developman ayewopòtyè, mache piblik pou nou site sa yo sèlman.

Antouka, nou ta swete pou Imakile kontinye pa pwan nan Tonton Noèl chak ane, kap benyen ragagann nan kòripsyon, pandan ke yo pa gen kè nan men pou kondisyon moun ap viv nan Nòdwès. Imakile sèvi ak yon mache ki bati depi 1974; se reyèlman yon gwo mirak ki fèt nan Pòdpè lè li ekspoze salte ak sanpidè kriminèl yo nan jou ki se fèt patwonal Pòdpè.

Gade eta yon mache kote moun ap achte manje! Gade ki kantite viktim yap bwote maten an sou bourèt nan espas ki pa menm sanble kote yap bay zannimo swen! Alòske Pwezidan, Senate ak Depite ap pyafe ragagann nan kòripsyon!

Nou ta swete wè lè bonèt Imakile chavire pou li epanye malere inosan yo; men kontinye avili kriminèl yo pandan lap mete tout vye salte deyò; konsa, vil Pòdpè ap vinn pwòp e konvenab pou vrè non “Imakile” a.

Comments are closed.