MAYESTWO ARLY LARIVIÈRE METE 17 MIZIK SOU ALBÒM NU LOOK LA, KI GEN POU NON, « JUST FOR YOU » !

885

12 – 02 – 2023

Ayiti Kilti______(TRiboLAND) Aprè 4 lane san pwodiksyon albòm, ebyen definivman, vandredi 1e desanm 2023 a, albòm Nu Look la “Just For You” deja disponib sou tout platfòm anliy yo, oubyen tout platfòm elektwonik yo. Nan 17 mizik ki konpoze albòm nan, gen yon mizik entèpretasyon ki gen pou tit «Tribulation » ke Arly dedye pou papa li, nan lide pou papa li toujou rete vivan.

Nan albòm sila, se toujou menm Arly Larivière a k ap montre tristès li, difikilte santimantal li, nan kèk mizik kankou : Cri de désespoir, Je te veux, Mwen desu, I wanna Be your lover, pou nou site sa yo sèlman.

Fòk nou di, se yon albòm ki gen yon pakèt atis patisipan ki figire ladan’l : Medjy Toussaint, Joé Dwet File, Shabba ak Tony Mix.

Selon fanatik Nu Look yo, se yon albòm ki soti nan yon kontèks difisil, men ki byen vini. Paske li te dwe soti kòmansman lane 2024, men li soti 1e desanm li fè yo byen! Sepandan, anpil moun nan milye kiltirèl la (animatè) deja ap analize albòm nan e ede fanatik yo konprann albòm nan pi byen.

Men, gwo kritik ki antoure limajnè piblik la an atandan, anpil moun ap poze kesyon poukisa se sèl Arly Larivière ki sou postè albòm nan?

N ap fè w konnen, pandan albòm nan soti a, Nu Look deja pèdi yon mizisyen ki rele Watson, li te jwe gita nan jazz la. ‎

Comments are closed.