Ansyen komisè gouvènman pakè jiridiksyon Tigwav la, pwozisyone li sou kesyon viv ansanm yo ki menase anvayi komin Lewogan.

78
0
Share:
TRiboLAND

09 – 14 – 2026

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Ansyen depite komin Lewogan lan ou ansyen komisè gouvènman ai pakè Pòtopwens, mèt Jean Danton Leger, nan yon interview li akòde bay lapwès; li bay pwozisyon ni sou kesyon gang viv ansanm ki menase anvayi komin Lewogan.

Ansyen depite a deklare si bandi yo santi yo viv twòp tan, yo bezwen mouri, yo mèt anvayi komin Lewogan. Li denonse yon gwoup moun li di kap fè pawòl mache pou fè pèp la estrese, sou pretèks bandi ame kriminèl yo menase rantre nan site Anakawona a.

Danton ki ta sanble pa mete pantalon li pou bèl twàl, fè seri deklarasyon sa yo, nan moman kote popilasyon an bezwen plis aksyon kont menas bandi ame kriminèl viv ansanm yo.

Share:

Leave a reply