Basenble: Ekip PHTK (Plonje Haiti Tou Kanpe) a kraze, souse e finalman plonje Ayiti nan mizè pirèd

0 380
Pierre Antoine Laguerre, Ansyen Me Adjwen Basenble

BASENBLE__(TRiboLAND) Peyi Dayiti pa gen dirijan! Tout kób peyi-a sanse gaspiye nan gagòt pou jere baz ak Tizanmi. Majorite peyizan nou yo nan mizè ak grangou, e kote mango boukannen se pen kotidyen yo. Pa gen espwa ditou pou moun kap viv sou tè papa Desalinn nan. Dlo ki se lavi ap gaspiye, jete nan lanmè, tankou Flèv Twa Rivyè.

“Si te gen moun ki tap panse tout bon vre pou peyi sa-a, yon baraj sou Flè Twa Rivyè te ka pèmèt peyizan yo nan Nòdwès soti nan mizè, secherès kwonik, grangou ak lavi chè”, sa se pwenn vi ansyen majistra adjwen Komenn Basenble-a, Msye PIERRE ANTOINE LAGUERRE, ki li menm, se yon komèsan ki gen anpil repitasyon nan Depatman Nòdwès la.

Biznismann an rapousib pou-l di ke li pwèske fèmen pòt biznis li paske peyizan yo ki konn abitye desann lavil pou fè acha
pwodui alimantè nan biznis li-a, pa fè sa ankò akoz grangou, mizè ak lavi chè kap fè yo monte lesyèl pa do.

Pierre Antoine Laguerre pa janm sispann kesyone chéf Leta-a, Msye Jovenel Moise, sou karavàn chanjman li tap klèwonnen atravè peyi-a. Dapwè ansyen Mè adjwenn Komenn Basenble-a nan Lanne 2007 yo, se yon karavàn ki pa pote fwi ditou paske nan Nòdwès, yon Baraj sou Flè Twa Rivyè te kap pèmèt nan yon espas de 3 mwa peyizan yo soulaje nan mizè /grangou. Konsa, mango boukannen pa tap sèvi pen kotidyen pou moun Nòdwès. 

Saint Jean wiskis, TRiboLAND

Leave A Reply