Inivèsite UPNOPP nan vil Pòdpè ta sanble soti pou fann an 2 akoz konpman “Apredieu” ak “Endezirab” Rèktè a

10 – 11 – 2024
Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Gwo tansyon dife volan soti pou fann an 2 Université Publique du Nord-Ouest à Port-de-Paix (UPNOPP) nan vil Pòdpè, daprè sa TRiboLAND arive rekeyi bò kote kèk manm nan kò pwofesora a.
UPNOPP ap bay sèvis depi plis pase 13 lane nan depatman Nòdwès peyi Dayiti; sepandan, li arive ap pèdi plim depi 20 desanm 2023, lè Rèktè Joel Michel, ki se yon natif Kap-Ayisyen antre nan tèt enstitisyon an. Kèk responsab pa kache endinyasyon yo, lòske yo te aprann demisyon youn nan administratè chevrone, Mèt Ilercé Solon, ki se egalman yon kad nan Kou Siperyè Dèkont.
Plizyè dwayen ta sanble kraze yon kite sa, alòske Konsèy inivèsite a kraze plat atè e se inikman Joel kap rache separe e menm arive fè yon seri antite je enkoni kap menase e kreye panik nan espas la.
Pa genyen dirèktè administratif, Sekretè jeneral pa fè santi ke li la, e dwayen yo pa fonksyone. Yo repwoje Rèktè a deske li tap tante fòse ou trennen mesye Solon nan yon seri anòbmali louch ki pa kadre ak pwensip administrative. Selon sous TRiboLAND yo, Joel Michel, ki se Rektè enstitisyon an, rele yon backup lapolis pou penetre espas la e pou vinn kraze zo staff administrasyon an jodi 11 oktòb 2024 la.
Antouka, Joel Michel genyen anpil esplikasyon pou bay, kòmanse sou yon ekip je enkoni kap vinn enstale tèt yo nan enstitisyon an san lisaj, rive sou mechanste nan kenbe chèk malere san oken fòm pwosè.
Nan yon sèl vwa, divès antite kap sovgade entegrite, valè moral UPNOPP, mande konkou popilasyon pou rele chalbarik dèyè do tout tandans diktatè ki soti pou kokoratize enstitisyon an ki rele Nòdwès chèmèt chèmètrès. Konsa, se sòt ki bay, enbesil ki pa pran! Se sèl nan vil Pòdpè, pou zonbi soti kote li soti pou vinn bat mèt kay!







Awesome! Its genuinely remarkable post, I have got much clear idea regarding from this post
Great information shared.. really enjoyed reading this post thank you author for sharing this post .. appreciated
Mèsi pou enfòmasyon an.
Fondation Triboland Mombin-Crochu
toobit exchange
BYU Cougars I do not even understand how I ended up here, but I assumed this publish used to be great
SocialMediaGirls I really like reading through a post that can make men and women think. Also, thank you for allowing me to comment!
Masalqseen This is really interesting, You’re a very skilled blogger. I’ve joined your feed and look forward to seeking more of your magnificent post. Also, I’ve shared your site in my social networks!
I have not checked in here for some time as I thought it was getting boring, but the last several posts are good quality so I guess I will add you back to my daily bloglist. You deserve it my friend 🙂