Plizyè moun mouri pami yo plizyè polisye nan yon atak bis nan peyi Kenya

390

Kenya__(TRiboLAND) Nèg ak zam ke yo sispèk ki soti nan zantray gwoup militan islamik al-Shabaab nan peyi Somali lanse yon gwo atak kont yon bis transpòtasyon nan peyi Kenya Vandredi 6 Desanm 2019 la.

Sispèk sa yo ki te akapare pasajè bis Nòdès kenya-a, touye anba bal ominimòm 8 moun, pami yo genyen plizyè ofisye polis, dapwè sous gouvènmantal yo.

Atak sa ki fèt nan zònn fontalyè Somali-Kenya pandan bis la te nan wout ant vil Wajir ak Mandera. “Divès moun mouri, pami yo ofisye polis kenyen ki bwitalman asasine,” dapwè yon nòt ki soti nan ofis pwezidan Kenya-a, Uhuru Kenyatta jodi Samdi 7 Desanm 2019 la.

Selon otorite kenya yo, asasen yo te pwan swen pou atake inikman tout pasajè ki pa gen nasyonalite somalyènn. “Yo te separe tout natif natal pasajè somalyen yo, e fizye 10 lòt nasyonalite,” dapwè pòt pawòl polis la, Charles Owino ki ajoute ke fòs sekirite yo rapouswiv tèworis yo e kenbe chofè otobis la kap fasilite envèstigasyon yo.

Comments are closed.