Yon gwo dife ap vale teren nan Ri Jean Pierre nan Pòdpè

546

Pòdpè___(TRiboLAND) Yon gwo dife apènn ap vale teren nan moman sa nan Vil Pòdpè, patikilyèman nan Ri Jean Pierre.

Dife a ki kòmanse ap bay lawouli ta sanble li enkontwolab pou sitwayen ki abite zònn nan. Konsa, yo pasispan fè manèv ak bokit dlo pou anpeche pwopagasyon dife sa ki apènn deglenche nan yon vil san ponpye depi plis pase swasanndis lane.

Gwo manèv pa sispan fè bò kote bon pwochen ki oblije ale pwan dlo nan yon pwi lakay Vernio pou konbat dife sila ki deja boule ra pye tè lakay Papout, yon atis byen koni nan vil la ki remen chante Nowèl.

Moun ak bokit dlo ap fè chènn, nan fènwa san konte ladrès pou metrize dife, se imaj yon depatman ak yon peyi san dirijan alòske li bay Pwezidan, Pwemye Dam Repiblik san konte Senatè ki pa sispann ap pyafe nan kòripsyon. Li difisil pou pa gen pwotestasyon nan yon vil ki san sèvis ponpye alòske sa pa gen lontan yon Senatè menm depatman sa pa sispan fè vyolans nan achte tou resamman yon machinn Lexus ki koute $30,000 US cash, pou pitit fi li nan Mayami, Florid

Antouka yon konpayi dlo kap fè ti degaje, dapwè yon temwen te oblije bay bourad nan pote kole ak yon kamyon dlo pou sove katye residansyèl sa ki ozabwa jodi  1 Desanm 2019 la nan site Kapwa Lamò-a.

Comments are closed.