Administrasyon Lopital Imakile Konsepsyon Pòdpè anonse mòg la fèmen akoz yo pa ka jwenn gaz

1,401

08-25-2022

Pòdpè, Ayiti ____ (TRiboLAND) Nan yon kominike responsab mòg Imakile Konsepsyon an, Siméon Wilson mete deyò jodi madi 24 dawout 2022 a, li anonse sèvis sa, fè yon kanpe akoz kriz gaz la.

Lopital Imakile Konsepsyon, kise lopital referans nan depatman Nòdwès la, gen pwoblèm kabiran depi plizyè semèn, sa te pèmèt gen plizyè sèvis ki tap fonksyone an katimini.

Jounen jodia, sèl mòg piblik ki gen nan depatman an, pap ka resevwa oken mò, akoz yo pa ka jwenn kabiran pou alimante jeneratris mòg la.

Comments are closed.