Enspektè Polis Michael Lucius tonbe anba bal bandi ame non-idantifye

180
0
Share:
TRiboLAND

Pòtopwen___(TRiboLAND) Enspektè Polis Nasyonal Dayiti, Michael Lucius jwenn lanmò li nan Belville, Nan Petyonvil aswè jodi Dimanch 1 Desanm 2019 la.

Selon enfòmasyon ki vinn jwenn TRiboLAND, enspèktè a ki se moun Bonbadopolis, Nòdwès youn nan kad ki onèt e respèkte nan Kò Polis la krible anba bal bandi ame ke yo pa arive idantifye.

Enspektè Lucius ki te ansyen direktè direksyon santral PNH la, se yon lòt gwo mapou ki tonbe e sekwe seryezman enstitisyon PNH la.

Share:

Leave a reply