Yon gwoup sitwayen ki natif natal Nòdwès mete sou pye yon òganizasyon ki rele “Sove Nòdwès”

1,340

Florid___(TRiboLAND) Nan sousi pou bouke pwan wont devan je lòt kote kap fè jefò pou lakay yo, sa gen mwens ke yon ane depi ke Amicy Clavaroche te deside ak kèk pitit Nòdwès pou jete baz yon òganizasyon ki pou yon seri rezon tout kalite detèmine pou asiste Nòdwès ki alagoni anba sye dirijan ak pwòp pitit li.

Konsa, sitwayen sa yo ki an majorite jènn, kreye yon feso nan lide pou pwan an men divès pwoblematik Nòdwès la atravè yon strikti ki pote non “Sove Nòdwès.” San emosyon tradisyonèl ak dezi pou fè dife pay mayi, òganizasyon “Sove Nòdwè se yon òganizasyon nonlukratif ki gen yon pòte sosyo-devlopmantal e ki pa gen anyen pou wè avèk politik ki pou anpil fwa konsidere kòm ajan destriktè ki mete Nòdwès nan eta wonte e destriktif sa.

 Kontrèman ak yon seri tantativ ki malerezman echwe nan pote kole pou ede Nòdwès, responsab ou lidèship Sove Nòdwès nan ekstrèmeman motive e detèmine pou fè fas ak yon seri defi ki deja sou wout yo. Defi tankou enfiltrasyon politik ou manèv pou atake entegrite sitwayen ki gen sousi pou Nòdwès yon fason pou dekourajman fè yo abandone depatman an nan labou toujou. Kidonk mesye dam SN yo sèmante vye taktik soudevlopman ak konpòtman “si’m pa ladan’l li pa bon,” oubyen “tèl pwojè se pou kanpay politik,” sa yo pap pase ankò e yo pap fè gason ak fanm vanyan. “Nou detèmine a jamè, Fòk gen yon lòt Nòdwès,” dapwè Mirline ki se youn nan manm Sove Nòdwès ki pa sispann fè mouvman sa yon “obligasyon quotidienne” li.

Anfen, bezwen depatman sa-a pa piti; sependan volim detèminasyon ak ekspwesyon ògèy ki tap degaje lakay responsab sa yo yèswa nan reyinyon ekzekitif yo nan Mayami se pa mens afè. Gras ak sipò ou kotizasyon mansyèl diferan piti Kapwa Lamò yo ki epapiye atravè lemonn e ki asèpte egalman  pwan kòz la an men, yo deja  bay pwiyorite a yon plan dasenisman ou damenajman fatra pou vil Pòdpè. Se yon pwojè ki jwenn konplisite satelit “Sove Nòdwès” la ki nan Pòdpè ki gen alatèt li notàb tankou Gerard Jean Baptiste, Pasteur Jean Claude Thervil, Carl Philias ak divès lòt sitwayen enpeyab e ki bouke viv soufwans depatman ke yo toujou bliye onivo nasyonal.

Bònn chans a tout latriye òganizasyon ki jounen jodi-a ap miltipliye efò pou amelyore kondisyon enfwa imènn ki mete tout pitit Nòdwès nan anbarasman. Yon gwo tout chapo tou pou lidèship Sove Nòdwès la ki nan Florid ak Nòdwès ki deja ap fè santi yo atravè yon seri inityativ kòmanse sou debleyaj ou netwayaj sistèm kanalizasyon vil Pòdpè-a pou rive sou gwo wonble Piknik ki pwal reyini Samdi 7 Desanm 2019 la nan Dania, Florid divès konpatriyòt ki bouke wè Nòdwès pa kapab ankò!

Ychmuth Corneille, TRiboLAND

Comments are closed.