Yon pastè ayisyen 70 lane pwal pase 20 nan pwizon Sen Domeng pou abi seksyèl sou yon fiyèt 12 zan

390

Sen Domeng___(TRiboLAND) Yon pastè ayisyen kap viv nan repiblik dominikènn jwenn santans li apwè yon tribinal nan Sen Domeng jwenn li koupab pou sak seksyèl li komèt sou yon ti fiyèt ayisyen 12 lane.

Tribinal Pwemye Kou Kolèj Sen Domeng lan kondane pou 20 tan pwizon Pastè Jean Benoit Fils Léger ki gen 70 lane e ti non jwèt li se “Jean Ben” pou abi seksyèl ou ansent yon ti fiyèt ayisyen ki aje 12 zan.  Pastè Jean Ben, selon enfòmasyon manman viktim nan, te pwofite abize ti inosan an pandan ke manman-l te voye li ale nan zònn Mendoza pou ede chèf espirityèl la ak kèk ti travay domestik nan lane 2018.

Pou konvenk minè-a nan zak seksyèl la, pastè pedofil la te oblije lese fiyèt la konpwann ke li pap ale nan lanfè si li asèpte antre nan relasyon seksyèl avè-l, dapwè temwanyaj viktim nan.

Nan mwa Novanm 2018, manman fiyèt la dekouvwi yon seri sentòm lakay li; konsa, yo pat pwan tan pou depoze yon plant nan Parkè Sen Domeng ki pat pwan tan ditou angaje Inite ki chaje sou viktim vyolans seksyèl yon fason pou louvwi yon ankèt sou swa dizan sèvitè BonDye-a.

Tès medikal sou fiyèt la revele ke li te ansent 19 semènn pou pastè-a; yon bebe ke li tap pwal pouse kèk mwa apwè.

Kidonk, Tribinal Pwemye Kou Kolèj Sen Domeng lan egzije swa dizan paste evanjelik Jean Ben peye yon amann 200,000 peso e kondane li ak tout fòs pou pase 20 tan dèyè bawo nan Penitansye Nasyonal Victoria, Repiblik Dominikènn.

Comments are closed.