Divès òganizasyon politik mase devan Anbasad Ameriken pou denonse konplisite sistèm enperyalis la kap ki fini avèk Ayiti

631

Pòtopwens___(TRiboLAND) Divès òganizasyon popilè ak gwoupman politik tankou: Piti Desalinn, Fòs Popilè Ayisyen (FPA), Moleghaf, Konbit, Kripèp, AJLPI, Fon Rezistans Kafou Marasa ak anpilòt òganizasyon politik ki nan opozisyon an tankou Esklav Revòlte ak Fanm Djanm yo tout te pote kole devan Anbasad Ameriken an jodi Vandredi 29 Novanm 2019 lan yon fason pou mande Core Group la bay peyi Dayiti yon chans. Yo denonse an gran jan sistèm enperyalis ameriken ki konplote ak yon ti gwoup 2% Tiro Libanè kap souse peyi-a depi endepandans li.

Enjenyè Jean Sondy Francois ki soti nan zantray Pitit Desalinn pat pase nan oken lòt chemen pou raple blan ameriken ke se tout bon vre jènn jenerasyon sa pa manje nan bòl li e yo pa soti pou kontinye ap gade chyen nan peyi Etazini kap viv pi byen ke moun sou tè Desalinn nan; e si se pou visa ki pou fè peyi-a mete ajenou, li mèt kenbe visa-l.

Men koman pèp Ayisyen an te mase devan anbasad ameriken jodi vendredi 29 novam 2019 la.

Comments are closed.