Yon jènn gason mouri yè swa anba bal bandi sou Bèlè

0 437

Mèkredi 20 novanm 2019

Pòtopwens__(TRiboLAND) Yon jènn gason ki gen ti non jwèt li “Chimbaby” mouri anba bal lòske yon pakèt nèg ak gwo zam fann fwa anvayi katye Belè nan Pòtopwens yè swa kit e madi 19 Novanm 2019 la.

Apwè ke yo te endekse yon ansyen polisye ki se alatèt yon gwoup bandi ki pote non “Babekyou” kòm lotè yon lòt gwo masak ki lakoz lanmò plis pase 10 sitwayen ayisyen, divès kay bwile san konte divès machinn ensandye nan 2 semènn ki sot pase la yo nan Belè, popilasyon an pa sispann konte kadav.

“Se pa de tire yo pa tire e se tout moun ki oblije kouri al kache,” se deklarasyon yon Marie Dieufort, yon rezidan Bèlè ki konfime ke Chimbaby ke anpil moun konnen sou katye-a mouri san bat apwè li te finn resevwa plizyè katouch nan lestomak nan men yon gwoup nèg enkoni kit e ame jous nan dan.

Masak, ensandye kay, bwile moun tou vivan, zak ratibwazaj, ak egzekisyon somè se pami yon pakèt krim ke yo repwoche gwoup bandi ki gen alatèt li Babekyou ki ta sanble akize kòm youn nan moun ki danse kole ak pouvwa Jovenel moise la.

Leave A Reply